
Se yon klas ki aprann ou renmen tet ou, ki se baz devlop man yon moun. Egzanp kijan klas sa ka ede'w, yon moun fè tout vi li ap etidye, li entelijan. Men yon moun kraze konfidans li, fè li rayi tèt li. Depi lè sa tout rèv li kraze. Klas la ka ede'l vin gen plis konfidans nan tèt li e plis renmen Ayisyen parèy li.
Kisa ou pral aprann nan klas sa:
- Kisa Renmen Tèt Ou Vle Di
- Benefis Le'w Renmen Tèt Ou
- Enkonvenyans Le'w Pa Renmen Tèt Ou
- Ki Jan Ou Renmen Tet Ou
- Egzesis konsyans
- Mezire Siksè Ou Nan Renmen Tèt Ou
- Egzesis pou travay an gwoup